Ajan BLTS yo nan depatman Nò peyi Dayiti mete anba kòd yon prezime trafikan dwòg.

05 – 21 – 2024
Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon ajan BLTS yo mennen nan depatman Nò peyi Dayiti, patikilyèman nan komin Limonad, lokalite Dimini, yo rive poze lapat sou Joseph André alyas “Gwo mal” yon prezime trafikan dwòg.
Pou pipiti ajan BLTS yo rive rekipere lakay “Gwo mal” ki genyen 42 rekòt kafe sou tèt li, anviwon 9.6g kokayin, 146.420 gds, yon biyè 20 pèso, yon motosiklèt modèl Z3000 koulè wouj san plak, poun site sa yo sèlman.
Nan moman pèkizisyon an ajan BLTS yo pat ezite fè apèl ak yon jij de Pè pou konsta legal yo, e ki bay lòd pou depoze Joseph André alyas Gwo mal, nan gadavi prizon sivil la, pou tout swit legal yo.






