Chansòlm ap antre pi fon nan fè 19 me yon veritab tradisyon

109
0
Share:
TRiboLAND


05 – 21 – 2024

Chansòlm, Ayiti ____(TRiboLAND) Si pandan anpil tan, komin Lapwent Dè Palmis te repite kòm basyon 19 me nan Nòdwès, dezòmè depi 6 lane Staff “Claudia Dans” fè Chansòlm yon veritab rasanbleman pou divès group majorèt ki soti nan plizyè zòn nan depatman Nòdwès la.

Jounen dimanch 19 me 2024 la, aprè yon long pakou sou gran Ri Chansòlm lan. ekip “Claudia Dans” lan, ak “Wedesben Ferti Stanley” vin klotire 6è Edisyon 19 me nan MEM Pak Chansòlm kote divès group ki te nan pakou a vin pèfòme. Claudia Dans, Casti Dans , BPC Girl, Staff Bikolò, pou-n site sa yo sèlman; yo se pami group ki mete Chansòlm cho nan 6è Edisyon Festi Drapo an.

Daprè youn nan manm òganizatè yo, malgre moman difisil peyia ap konnen, Drapo a toujou rete yon senbòl fyète. Se paske Leta pa gen yon politik nòmal pou atache ayisyen ak kilti yo, sistèm edikatif la inyore Edikasyon Sivik ki fè menm nan lekòl yo timoun yo pa manifeste lanmou pou sa nou genyen kòm mak fabwik.

Li ale pi lwen pou li di, poban fèt ou sòlòkòtò sila ki reyalize chak ane, mete sou pye nan objektif pou kenbe Chansòlm vivan sou plan sosyo kiltirèl. Nou swete dirijan yo nan peyia, kreye yon klima pou Ayisyen jwenn lapè paske moun yo anvi viv. Pwoblèm ensekirite a rete pi gwo kaskèt chinwa pou Ayisyen kap viv nan peyia, tankou nan peyi etranje. Rezoud pwoblèm ensekirite a, se ap deja yon gran pa nan relanse tout aktivite atravè peyia.

Share: