Moun Mibalè voye yon bandi sangwen al jwenn bawon

98
0
Share:
TRiboLAND


05 – 21 – 2024

Mibalè, Ayiti _____(TRiboLAND) Tchèbi se non yon prezime bandi moun Mibalè enskri nan pwogram bwa kale a pou al jwenn bawon yè lendi 20 me 2024 la; Tchèbi, key o kalifye kòm yon asasen notwà tap travay pou group gang “Chen Mechan”.

Tchèbi te patisipe nan zak asasinay ki te fèt nan komisarya Borepo a, kote gen anviwon 5 polisye ki te mouri. Tchèbi deklare nan moman zak malonèt sou komisarya Borepo a, li te la e se li ki tap pote gaz pou mete dife.

Group gang li an te touye polisye yo, paske yo tap batay anfas yo, Tchèbi pou konnya fè vwèl pou peyi san chapo. Popilasyon an nan Mibalè reyaktive mouvman bwa kale a kont tout bandi sangwen ki anpeche yo viv.

Share: