Majistra Simon denonse Majistra Josué Alusma ki kenbe chèk li pou san rezon valab

05 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Majistra Simon Joseph denonse Majistra Josué Alusma ki kenbe chèk li depi anviwon 1 lane. Daprè sa Majistra Simon di, li ale nan Kou Siperyè Dèkont yo di yo toujou livre chèk yo.
Pwoblèm sante koz Majistra Simon pa regilye nan biwo, akoz maladi te rann li paralize. Depi nan mwa fevriye 2023 sante-l pat kòdyòm, men Majistra a ta pral kòmanse kenbe chèk yo nan mwa jen 2023. Majistra Simon kontinye pou di, Majistra Josué Alusma pa janm reponn apèl telefonik li se pandan li toujou an fonksyon.
Majistra Simon Joseph mande pou li jwenn chèk li san kondisyon paske chak mwa Kou Dèkont toujou voye chèk yo. Nap raple, Simon Joseph se ranplasan Majistra Tony Vernio ki te mouri nan aksidan ke Majistra Josué Alusma te okazyone.






