Pakè Pòdpè refize desène yon manda rale mennen vini dèyè PDG Radyo New Star FM nan aprè li te fin maspinen korespondan Radyo Vision 2000 lan.

05 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Kabrit gade je mèt Pak avan li rantre, se deklarasyon jounalis korespondan Radyo Vision 2000 lan, apre Pakè Pòdpè te fin refize desène yon manda rale mennen vini dèyè Ernest François, ki se PDG Radyo New Star FM nan, apre li te fin resevwa divès koko makak anba men li.
Yo toujou di Pakè a inik epi li pa divize, ta sanble Pakè parèt divize nan desizyon pou mete manda rale mennen vini dèyè Ernest François ki ta sanble yon gwo bwa anlè tèt lajistis.
Kouri tolalito, pase isit tounen lòt bò pyès moun pa deside mete klòch la nan kou chat la. Yonel Obssaint jij Depè a.i, nan Tribinal Depè Pòdpè a deside pran kouraj li ak 2 men pou lage yon manda rale mennen vini dèyè Ernest François pou kòz” vwa de Fè” dapwè atik 254 jiska 256 kòd Penal ayisyen an.






