Lapolis Nasyonal Dayiti atravè UTAG sezi yon Toyota zoreken pou kowalisyon gang “Viv Ansanm”.

135
0
Share:
TRiboLAND


05 – 28 – 2024

Pènye, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon ofansiv Lapolis Nasyonal Dayiti mennen apre midi 28 me 2024 la atravè Inite Anti Gang (UTAG) nan lokalite Pènye, yo rive sezi yon machin Toyota zoreken dizay ak ekrito UVD, ki vle di Inite Vilaj de Dye.

Dapwè enfòmasyon PNH la mete disponib sou kont Facebook ofisyèl li, machin Toyota zoreken ki dizay ak ekrito UVD a, se machin kowalisyon gang sangwen “Viv Ansanm” yo.

Idantifye nan divès zòn tankou, Gresye, Kafou ayewopò ak Pènye, Toyota zoreken ekrito UVD a pral sispann fè zak kriminèl paske PNH la sezi lòbèy ilegal la.

Share: