Chansòlm : Yon grav aksidan sikilasyon pwodwi nan zòn Balade anviwon 3 moun mouri.

06 – 04 – 2024
Balade, Chansòlm, Ayiti___(TRiboLAND) 3 moun mouri nan zòn Balade nan komin Chansòlm nan Nòdwès, se bilan yon trajik aksidan sikilasyon ant yon pikòp blan ak 2 moto siklèt ak 2 lòt pasaje kite apye, apremidi madi 4 jen 2024 la.
Se chak jou gen ekzotasyon kap fèt bò kote chofè yo pou pwoteje vi moun yap pote yo, men sa pa nan lide yo. Nèg mande wè se kon yo wè yo kwè, se nan neglijans, moun sa yo rive viktim jounen madi 04 jen 2024 la.
Popilasyon an ap mande pasajè ak chofè e responsab sikilasyon nan komin Chansòlm fè pridans yon fason pou arive pou pwoteje vi pasajè, pyeton ak chofè yo.






