Eskandal nan Sitadèl, 2 kanon ki fèt an bwonz disparèt

06 – 05 – 2024
Milo, Ayiti _____(TRiboLAND) Sèten responsab dekouvri gen 2 kanon ki fèt an bwonz ki disparèt nan Sitadèl Laferyè, youn nan gwo patrimwàn ki genyen nan peyi Dayiti. Daprè sa responsab yo revele, kanon sa yo pèdi nan dat 24 pou 25 me ki sot pase la.
Aprè nouvèl sa fin soti, plizyè òganizasyon nan sosyete sivil nan komin Milo pat sispann denonse zak malonèt sa ki fèt nan galri mize kote kanon yo te ekspoze a.
Anviwon 15 jou aprè, Jij Depè Milo a, Me Mirlène Charlot ale sou plas pou fè konsta legal disparisyon kanon yo. Nan kesyon li poze, sekirite Ernest Valmyr reponn se nan moman li t’al fèmen yon fenèt, epi li remake espas kote kanon yo te ye a vid.
Otorite yo ki pa pran tan pou reyaji, fouke jounen madi 04 jen 2024 la anviwon 10 anplwaye nan kad ankèt kap mennen sou disparisyon kanon sa yo. Divès sitwayen nan depatman Nò peyia pa sispann takle ISPAN ak otorite yo ki kite tout patrimwàn peyia ap fin disparèt.
Yo pwofite mande otorite yo pou pran mezi ki djam ak fyàb nan rapouswiv koupab yo e egzekite yo sou plas piblik ak nan ranfòse sekirite patrimwàn nan.






