Sekretarya biwo Primati a mande tout moun kontra yo fini, pou pote materyèl ki nan men yo retounen

121
0
Share:
TRiboLAND


06 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon nòt Primati mete deyò jodi jedi 06 jen 2024 la, yo mande tout ajan piblik ki te gen kontra epi ki fini, ki tap bay Primati sèvis pou yo restitye enstitisyon sila tout materyèl ki nan men yo daprè atik 12 ak 18 kontra yo te siyen an.

Moun ki gen materyèl nan men yo kapab pote yo nan Direksyon Administrativ Primati a, oubyen lakay Premye Minis lan ki trouve-l Miso, Dèlma 60.

Antouka, Primati deklare, pa fè bouch li long! Anplwaye sa yo ki gen materyèl ak ekipman Primati yo, gen 48èd tan pou retounen. Pase delè sa, Enstitisyon an ap itilize tout fòs legal ki disponib yon fason pou rekipere byen Leta sa yo.



Share: