Moun Sodo fèmen pòt Mèri a, epi mande pou Majistra Marie André Ruth Thelus rache manyòk li bay tè a blanch

96
0
Share:
TRiboLAND


06 – 09 – 2024

Sodo, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon group sitwayen denonse zak malonèt Ajan Egzekitif Interimè Mèri Sodo a, Marie André Ruth Thelus ap itilize pou fè bandi anvayi komin lan. Depi yè samdi 08 jen an, popilasyon an fèmen epi soude pòt Mèri a, yon siy pou moutre moun nan komin Sodo divòse ak li ki pa nan vil la depi mwa janvye e k’al bati katye jeneral li nan Etazini.

Nan yon konferans “REPOSEM”, yon estrikti ki trouve-l nan Mibalè bay jodi dimanch 09 jen 2024 la, yo pote tout soutyen yo ak moun Sodo kap mennen batay sa. Majistra Marie André Ruth Thelus pa elijib pou kontinye ap dirije nan figi moun paske li nan kònivans ak bandi, epi lap twonpe vijilans otorite polisyè yo nan fè divèsyon.

REPOSEM mande pou otorite nan piwo nivo Leta chanje rapid vit Majistra trèt makiye a, ki pretann li se premyè sitwayèn vil la. Divès estrikti kap batay anfas Ajan Egzekitif Interimè Mèri Sodo a di, yo fèmen pòt la jiskaske Leta pran bon jan desizyon pou komin lan.

Share: