Ansyen chèf teworis 400 Mawozo a Germine Joly alyas Yonyon akize yon ansyen senatè Lwès la kòm kwa li ta bal zam pou ede li genyen eleksyon 2014 yo.

93
0
Share:
TRiboLAND


06 – 20 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen chèf gang teworis 400 mawozo a Germine Joly alyas Yonyon, akize ansyen senatè Lwès la, Mèt Jean Renel Senatus kòm kwa li ta founi li zam pou ede li genyen eleksyon 2014 yo.

Chèf gang teworis la nan moman li te parèt devan tribinal federal la, pat mete dlo nan bouch li pou li akize ansyen senatè a. Chèf teworis la mansyone devan tribinal la, ke li te refize travay pou ansyen palmantè a, yon rezon anplis ki kòz li t’ap monte yon plan pou asasinen li.

Yon lòt bò, ansyen Senatè Lwès la Mèt Jean Renel Senatus voye jete byen lwen tout akizasyon ki ta fè kwè li ta nan konivans ak chèf gang teworis 400 Mawozo a.

Pou Mèt Jean Renel Senatus, li pa konnen anyen sou ti tonton yo rele Yonyon an, li pa menm konnen kote li rete. Ansyen senatè Lwès la fè konnen ak jounal Miami Herald, ke li te jwe yon gwo wòl pou te rive poze lapat sou Germine Joly alyas Yonyon, ki te tante retire lavi li ak tout fanmiy li.

Share: