Responsab PNPDH branch Nòdwès la kontinye plede anfavè konferans Nasyonal ansyen senatè Tunerpe Delpé t’ap pwone a.

111
0
Share:
TRiboLAND



06 – 20 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Responsab Platfòm Nasyonal pou Pwogrè Dwa Moun nan rejyon Nòdwès la Mèt Jean Baptiste David kontinye plede anfavè konferans Nasyonal souvren ansyen senatè Lwès la, Tunerpe Delpé t’ap pwone a.

Nan sans sa a, Mèt Jean Baptiste David envite Premye minis ayisyen an Dr Garry Conille, mete tout kouch viv nasyon an bab pou bab sou yon sèl tab, nan lide pou rive konkretize rèv pwofesè Tunerpe Delpé t’ap klèwonnen nan tout 10 depatman jewografik peyi a.

Konsyan ke peyi a pap dirije, pou Mèt Jean Baptiste David konferans Nasyonal la se sèl mwayen pou sove popilasyon ayisyèn nan kont tout divèjans politik ki genyen yo.

Share: