Aprè 35 lane sèvis piblik nan tribinal Depè Latòti a, Jij Henry kite zile a nan dlo nan je

112
0
Share:
TRiboLAND


06 – 25 – 2024

Latòti, Ayiti _____(TRiboLAND) Jij Henry di planèt la babay jounen jedi 20 jen 2024 la. Li te pase anviwon 35 lane kòm jij Depè nan tribinal Latòti a.

Nan yon anviwonnman ki estime anviwon 50 mil moun, yon sistèm ki osi dekriye se yon rekò jij la bat daprè sa Agronòm Rethone José II ekri sou paj Facebook li.

Jij Henry pat yon jij, men pito yon abit, yon medyatè. Tout moun sou zile Latòti te aksepte-l san kontestasyon. Jij la te itilize : moral, lalwa, tolerans, dyalòg ak bon jan atant kòm zouti pou fè travay li.

Tout moun sou zile a swete jij Henry bon travèse; ke li ale nan la pè ak yon santiman devwa akonpli.




 

Share: