Lavalas nan Tigwav, denonse peyi la France yo di ki te mare sosis li ak entènasyonal la pou kidnape ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide.

75
0
Share:
TRiboLAND


07- 15 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdinasyon Fanmi Lavalas branch lokal Tigwav la, nan yon konferans pou lapwès apwè midi lendi 15 jiyè 2024 la, pou salye ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide lavalaseman, nan okazyon anivèsè nesans li,15 jiyè 2024 la.

Fanmi Lavalas pwofite denonse yon ti minorite zwit espesyalman la France yo di, ki te mare sosis yo ak entènasyonal la pou kidnape èks prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a, nan dat 29 fevriye 2004 pase a, akòz li tap reklame lajan dèt endepandans Dayiti.

Yon lòt kote, kòdinasyon Fanmi Lavalas branch lokal Tigwav, mande Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) Conille lan, pou revoke katèl majistra enterimè meri Tigwav la, epi ranplase li ak yon lòt ekip moun ki kapab dirije komin nan.

Toufwa, militan Fanmi Lavalas yo ki sèmante 77 fwa 7 fwa yo pap selebre fèt 15 dawou ak katèl ajan egzekitif enterimè meri Tigwav la, akoz yo pa genyen kapasite pou dirije komin Tigwav.

Share: