Premye Minis Garry Conille prezide 2è sesyon Konsèy Gouvènman li

67
0
Share:
TRiboLAND


07 – 16 – 2024

Dèlma, Ayiti ______(TRiboLAND) Premye Minis Garry Conille prezide 2è sesyon Konsèy Gouvènman li jounen madi 16 jiyè 2024 la, nan rezidans ofisyèl li ki trouve-l nan zòn Miso nan komin Dèlma.

Nan rankont sila, PM lan gade ak manm gouvènman an fèy dewout ki akse sou sa ke yo genyen pou delivre kòm travay ak estrateji yo pral mete an plas pou reyalize gran chantye tranzisyon an.

PM lan renouvle disponiblite-l ak detèminasyon-l pou akonpaye manm kabinè ministeryèl la yon fason pou atenn objektif yo fikse a.

Share: