Yon Fanm blan Alman vle idantifye-l kòm nwa

02-09-2019
GERMANIE__(Triboland) Martina Big, se yon bèl fanm model blanch Alman kite konn pran injeksyon pou fè po li vi-n nwa tankou afriken yon fason pou li idantifye li kòm nwa. Sa pa gen lontan, bèl dam sa a devwale an piblik ke li konte kite Almay pou-l al viv an Afrik nèt.
Martina, ki genyen 30 lane apènn sot marye nan mwa Oktòb la avèk Micheal Eurwen 31, tou de te pwan enjeksyon Melanotan, yon òmonn sentetik ki nwasi kouch epidemic moun. Ki donk, madanm ak mouche deklare ke yo koulya yap chèche kay nan peyi Kenya e yo konte twavèse nan kontinan Afriken an avan lontan.
Bèl fanm model sa, kite fè plizyè operasyon pou agrandi tete-l te patisipe nan yon seremoni batèm kite pèmèt li chanje non li kòm Malaika Kubwa, ki vle di Gwo Anj nan lang swayili a. Li te pwan li plizyè lane pou li te transfome.


Malaika declare ke li vle definitivman ale al viv ak pwòp pèp li e pou apwann kòman pou li eleve pwòp pitit pa-l selon jan yo fè sa nan kilti afriken an. Pa twò lontan, Malaika te jwenn garanti nan men doktè li ke pwochenn timoun li pwa-l fè gen pou yo nwa tou.
Triboland Staff Writer e Photo credit: Ken McKay, ITV REX






