Gwo Tansyon ant peyi End ak Pakistan

02-27-2019
NEW DELHI__(Triboland) Gwo tansyon pa sis pann moute aprè ke End ta sible kèk tagèt andan peyi Pakistan jis aprè gwo manman atak kashmi an. Antouka End ak Pakistan tou prèt pou yo fè konfontasyon laguè aprè ke peyi Pakistan te rale mete atè 2 djèt batayè peyi End; an repons kifkif, peyi End sible kèk taguèt anndan tèritwa peyi Pakistan ki ta rele-l chèmèt chèmètrès.
Tansyon chyen ak chat ant peyi End ak Pakistan li maniganse lòske yon machinn zatrap kamikaz de yon gwoup ame, Jaish-e-Muhammad(JeM), nan zònn Kashmir ke peyi End ap kontwole a, te touye 14 Fevriye ki sot pase la mwens pase 42 mamb fòs paramilitè peyi End.
Sepandan, posibilite pou konfli-a pwan jarèt la te anvlime ayè Madi-a lè End te lanse yon mechan atak aeryen kont yon kan entrennman ke yo ta idantifye kòm baz Jaish-e-Muhammad.
Jounen Mèkredi a, New Delhi ak tout Islamabad angaje yo nan yon lèse fwape militè. Byen ta ayè Madi-a, pou pipiti kat sivil Pakistanè ta mouri nan zònn fontalyè kote toude pyisans nikleyè ak matlòt Azi di Sid yo ap fè zam chante.
Jocb Bendallam, Triboland.com






