VENEZWELA: Larisi inogure yon sant fòmasyon pilotaj elikoptè militè

118
0
Share:

VENEZWELA  (Triboland)__Larisi inoguire Vandredi yon sant fòmasyon militè nan peyi Venezwela. Objektif sant sa-a se destine pou fòme pilot elikoptè e ran travay yo pi efikas, dapwè Rosoboronexport, yon sosyete ris ki regle kesyon vann zam.

Sant pilotaj sa-a pwal pèmèt pilòt venezwelyen genyen bon jan fòmasyon nesesè nan opera e itilize elikoptè Mi-17V-5, Mi-35M ak Mi-26T sitou nan jan sitiyasyon reyèl yo pwezante jounen jodi-a, se sa ki soti nan bouch Viatcheslav Davydenko, yon rapòtè pou sosyete vandèt zam ris la.

Anplis, sant sa-a pwal fasilite otorite yo fè mwens depans pou fòmasyon pilòt venezwelyen yo nan lòt peyi. Konsa, pa gen twòp deklarasyon ki fèt sou lokasyon konstwiksyon an. Sa ki enpòtan, seremoni lansman sant pilotaj la te fèt ayè Vandredi-a an pwezans espesyalis ris e venezwela.

Egzekisyon yon kostwiksyon parèy, antre nan kad yon pwojè ant yon konpayi anonim pou endistri militè venezwelyen ki makònnen ak Rosoboronexport ki mare sosis yo ak Rostec nan peyi Larisi.

Share:

Leave a reply