GWO OPERASYON SEZI GAZ KAP VANN ATÈ FÈT NAN VIL PÒDPÈ AYÈ LENDI 15 AVWIL 2019 LAN

Li te anviwou 3è 26 minit konsa kòmanse sou zónn wonpwen an pou rive twarivyè kawotyou tap boule, aktivite yo te paralyze, bal tap tire, e wòch tap tire, se nan kàd operasyon SEZI GAZ Lapolis ak Lameri Nan vil pòdpe tap fè.

Yon sitiyasyon tansyon ki te mete fas afas Lapolis ak machann gaz atè yo. Galon gaz la ki vann 250 goud nan ponp alóske machann kap vann atè yo vann li 500 goud pandan operasyon sila kèk chofè moto ki konn achte gaz la nan yon pri depase te profite okazyon an pou jete ak ranmase gaz machann yo. Kèk chofè moto ki poko vle parèt nan Lapwès akize ponpis yo kòm kwa yo ta mare sosis yo ak machann gaz atè yo.
Ki donk, se yon sitiyasyon ki bay anpil tèt chaje, lè ou konnen komisè gouvènman podpe a: Mèt Jean Volner Belamain nan diskou lè li tap pwete sèman te deklare ke li pwal rezoud twa bagay pou depatman an: pwemyèman sispann aktivite machann gaz atè yo, dezyèmman trake e arete bandi kap kreye latwoublay nan depatman an; e twazyèmamn mete yon pwen final sou konpòtman devègode chofè moto yo nan jwe muzik san sal nan zòrèy moun san rete.
Antouka, ta sanble nad marinad! Jiska pwezan popilasyon an ap tan kon pwa tan jiskaske moun wè se fo mouvman kap fèt. Dapwè konsta nan popilasyon an: vòlè toujou ap fè e defè; chofè moto yo pa respekte ni legliz, ni lekól, ni biwo leta san konte moun yo pote ki vrèman about ak yo.
Genyen de kwa pou anpil moun kap viv tout kalite bagay repinyans sa yo ta mande otorite local yo pran responsablite yo pou kafe-a pa koule ak ma!
Jean Herold Etienne, Triboland






