Rapò petro karibe-a mete lwil nan dife-a!

Depi menm moman rapò lakou dè kont soti sou zafè petro karibe-a, ou ka remake ak de nawè-w gen yon van kap soufle sou peyi-a; kidonk, gen yon ti mache prese kòm ki dire pral gen yon mouvman.
Nou pavle ale lwen tèlman pou pa fatige-w si nou ta ale nan jenèz mo a kise “petro karibe” men pou sila yo ki poko gen bon konprann: nou ta ka di yo se yon kontra peyi Dayiti te sinye ak peyi Venezwela sou 25 ane sou keksyon pagay gaz men antre kap fet la yap pataje-l a 2. Kidonk, pi gwo moso-a pou Ayiti rès la pou Venezwela.
Men se te depi sou prezidans Rene G. Preval-la ke lajan te kòmanse ap depanse e gaz ap bay, men te gen yon epòk ou te wè anpil travay tap fèt nan tout peyi a sitou nan zafè wout. Konesan mesye Préval, li te renmen sa anpil kise fè wout. Se nan kontèks sa ou te ka wè ak 2 nawè-w kote sou gouvèlman mesye sa a ki se Rene G. Preval, te gen 17 pon kite gentan jete sou wout kafou Jòf–Pòdpè a; malerezman, Siklònn Tant Jann ak tout manzè Hanna pat vle wè moun nòdwès ak Latibonit, li kraze 2 pi gwo pon kite fèt sou wout sa a ki nan zone Dubedou.
Kite mouche Preval, an nou pran potorik gason sa a ki se “El Michele Martely” se la ou pral konprann ki kantite gagòt kòb sa-a pral fè sitou ak yon seri pwojè bidon ki pou ti pèp afè pa bon an te parèt bèl pandan te gen anpil malvèsasyon ki tap fèt. Nou ka wè nèg yo te di yap fè viyadik nou wè-l sanble tèt koupe ak yon kawàch, kote yo lave machinn. Sou gouvelman mesye sa a te gen anpil swadizan pwogram sosyàl pami yo: Ede pèp, kore etidyan, kore plantè, Ti manmi cheri, e ti papa doudou ak yon latriye lòt pwogram sosyàl bout mamit.
Se konsa, pandan tout bwase ak gagotaj magogo lajan sa yo, yo finalman lague yon ponyen nan Nòdwès atravè yo gwo pwojè bannann ki pote non “Agritans”, yon konpani ki te genyen nan tèt li Enjenyè Jovenel Moïse poum pa mete lesprim nan sòt ou! Antouka, gen anpil keksyon kap poze. Pami yo: ki sa ki motive yon enjenyè antre nan fè jaden bannann? Bwid sou kou PHTK (Pati Ayisyen Tèt Kale) vinn pwan nesans.
Hmmmmmmm se sou mo eslogan “Nèg bannann nan” Enjenyè a pral fè tout kanpay li pandan 22 mwa nan tout peyi-a; soti nan gran vil ale jous nan seksyon kominal pase pran tout kominn ak katye.
Jovenel Moïse prezidan ak on sèl kout kle. Li antre nan tèt pouvwa san esperyans politik e ak yon inabilite esteril nan fè chwa konpetans pou pwezève bònn mach enstitisyon yo.
Apwè yon seri de pwomès ki pa janm reyalize; yon seri de diskou tèt chaje ki danse kole ak manti; pwogram san sans ki rele “Karavann Chanjman” pèmèt moun vinn wè zòt pa konnen sa lap fè-a e li antre nan yon bagay ki pa sanble ak jere yon chanm kay. Antouka, mobilizasyon pou lajan petro karibe-a te toujou ap fè gwo deba nan radio; manifestasyon tribò pabò pou mande jistis pou peyi Dayiti ki viktim de pwòp pitit li kap dechèpiyel nan gagote lajan kita dwe fè lekol, wout, ayeropò, lopital e …Mete ak yon divès lot bagay ankò.
Jodi-a pèp la bezwen jistis, rapò soti anpil gwo non zotobre tranpe ladan-l; men tout moun fokis sou non enjenyè Jovenel Moise paske gen gwo akizasyon vòl ak detounman lajan leta ki tonbe sou tèt li.
Ke lajistis peyi-m aji san fòs kote pou trake tout sila yo ki gen men yo tranpe nan dosye petro karibe-a.
Claude Ferdieu, Triboland






