Gwo eksplozyon gaz nan yon shopping center nan vil Plantasyon, Florida

92
0
Share:
TRiboLAND

FÒTLODÈDAL__(TRiboLAND)  San gen mwens pase yon kèlke minit, yon gwo poban eksplosyon gas fèt nan yon sant komèsyal ou sant magazen nan Plantasyon, Fòtlodèdal nan Eta Florid kote ke depatman ponpye ak depatman polis te kouri reponn san pèdi tan, dapwè otorite yo.

Selon yon twit bò kote sèvis ponpye nan vil Plantasyon an, yo ta anrejistre plizyè malad ki ta enplike nan ensidan sa. Sependan, videyo kap sikile sou rezo sosyàl yo montre ke batayè dife yo te rive nan mall la; fenèt tap voltije anlè ki tap soti nan sant Egzèsis LA Fitness la. Konsa, yon bon pati nan espas sa ta genyen bon jan domaj ak anpil debwi ki te pasi pala.

Dapwè depatman polis nan vil Plantasyon an, anpil biznis ki tou pwè zònn sant egzèsis LA Fitness la konplètman fèmen jiska nouvo zòd, selon lapolis.

credit photos: insider and news4Jax

Share:

Leave a reply