KOKONOT GWOV-Florid: Otorite yo oblije evakye plis pase 40 fanmiy akoz de yon tank gas ki koule

KOKONOT Gwov, Florid Yon fit gas pwopann kap degaje tale-a nan Kokonot Gwov nan yon kominote nan Mayami ki egzije otorite lokal yo fè plis pase 40 fanmiy kite lakay yo e evakye zònn nan.
“Se yon move moman pou rezidans ki abite nan apatman kominote Grove Village Gate yo”, dapwè yon vwazen ki te nan douch nan moman li te tande yon gwo eksplozyon e pwofite kouri al fwape plizyè pòt pou alète moun evakye.
Sistèm Gas tank Grove Village Gate-la li fonksyone anba tè. Pandan Ponpye Mayami yo tap eseye konbat dife-a, genyen yon senk pye flanm dife ki tap fofile soti nan yon tank ki localize nan zònn Aveni 27 bò tou pwè Ri 30 nan Sidès Mayami.
Dapwè chèf Sèvis Ponpye ak Sekou, Joseph Zahralban ki deklare ke yo trè konsène strikti sistematik tank sa ki gen plis pase 60 lane ki nan zònn Aveni 27 la. Nou oblije evakye kòmanse sou Bird Road jiska Aveni Tigertail.
kredit foto: WPLG






