Yon lòt tèrib aksidan ki fè 46 viktim nan pelerinaj Sodo pami yo 6 mò

TÈ WOUJ / MIBALÈ__(TRiboLAND) Gwo asidan fèt ayè Mèkredi maten 17 Jwiyè 2019 la sou wout nasyonal nimero1, nan zònn Tè Wouj yon lokalite ki sitye-l pa trò lwen vil Mibalè.

Bis transpò-a ki tap soti nan gwo fèt Nòtredam Mon Kamèl nan Sodo, te genyen abò-l 96 pèleren, te fè loupinn apwè sistèm fwen veyikil-la pa travay. Konsa, genyen 6 moun ki ta mouri e yon latriye lòt blese gravman grav.
Viktim yo avèk efò òganizasyon tankou “Stop Accidents” melanje avèk konkou Lakwa Wouj Ayisyènn ak Sant Anbilansye Nasyonal te kouri vit sekouri e pwese transpòte viktim yo pou swen medical nesesè.






