Janrabèl / 1e Seksyon Lakoma: Asosiyasyon Tèt Kole Pou Lakay (ATKPL) selebrasyon an granjan 1e anivèsè-l

22 Juiyè 2018 – 22 Juiyè 2019, sa fé yon lanne depi yon gwoup jenn gason nan 1e Seksyon Lakoma, komenn Janrabèl ,te panse mete soupye yon òganizasyon akaraktè sosyal ki pote non “Asosiyasyon Tèt Kole Pou Lakay” nan objektif pou bay bourad oswa sipòte sila yo ki nan plis bezwen; sila yo ki plis majinalize anndan sosyete a. Se konsa anpil otorite ki te soti toupatou nan 4 komenn Ba Nòdwès yo, te réponn prezan, pami yo: direktè ONA-a Wilner Saintil, direktè Lekòl Nasyonal Seksyon an, ki li menm soti nan yon Mouvman ki pote non KOREJA ki se Kore Janrabèl, Dalgé Bélizaire e madàm Jean Gilles Pauléne, yon enfimyè diplome kap travay nan komenn nan ……, pou-n site sa yo sèlman.

Apwè yo te fenn chante lim Nasyonal peyi a, delege òganizasyon an, msye Simon Dorvilas, apwè-l fenn swete tout moun Byenvni, te pran lapawòl pou-l fè konnen, 1e Seksyon Lakoma, komenn Janrabèl, pa gen moun kap dirije-l. Se yon Seksyon ki livwe pou kont li. Pami tout palmantè yo Seksyon sa-a te voye al reprezante-l, se sèlman 2e Senatè Nòdwès, Dr. Evallière Beauplan ki konnen egzistans Seksyon an. Selon delege mouvman an,yon sèl dwèt pa konn manje kalalou, li lanse yon apèl bay eli Nòdwès ki se Senatè, Depite, Majistra pou yo mete yo ansanm pou sove komenn Janrabèl, espesyalman,1e Seksyon Lakoma yon kote lapli gen plis pase 12 mwa pa janm tonbe.
Kowòdonatè òganizasyon an, Siméon Wilson te ale pi lwen pou di li pa rive kwè peyi Dayiti gen moun kap dirije-l, lè-l konsidere sitiyasyon eta lamantab moun Lakoma ap viv: moun yo pa jwenn dlo pou yo bwè; manje pou yo manje ki dire pou zannimo yo! Tout bagay fenn disparèt. Sitiyasyon sa a koz, majorite jenn gason ak jenn fanm pati kite Seksyon pou yo al chèche lavi miyò lòt kote paske otorite yo ki plase pou rann peyi a vivab, se tèt pa yo sèlman yo wè.

tout bagay fenn disparèt nèt
Mizè, grangou, lavichè tèlman anvayi 1e Seksyon Lakoma , komenn Janrabèl , nan jou k pral vini yo se 2 ,3,4 ,… moun ki pral mete Ansanm pou yo achte yon gode diri nan mache paske nan moman n ap pale laa ,se 60 goud l ap vann nan Seksyon an .
Fas ak tout deriv sa yo, Wilson Siméon lanse yon apèl bay tout Eli Nòdwès yo, Prezidan Repiblik la, msye Jovenel Moïse ki di-l soti nan matris peyizan, fikse je yo sou 1e Seksyon Lakoma, komenn Janrabèl, ki pa genyen pèsònn moun kap ki janm arive genyen yon djòb ladann. Tanpwi, avan pita pi tris, yon fason pou rive sove pèp Lakoma kap fè fas ak lafen,
Saint Jean wiskis, TRiboLAND






