Nòdwès: Epidemi gratèl melanje ak enfeksyon ap ravaje popilasyon Janrabèl-la

87
0
Share:
TRiboLAND


Janrabèl__(TRiboLAND) Gratèl ak enfeksyon, se 2 maladi sa yo kap sakaje depi Desanm 2018, popilasyon Janrabèl la, espesyalman sila yo kap viv nan Seksyon Kominal yo. Maladi sa yo rive dekouvri atravè sèvis Klinik Mobil kèk òganizasyon santé konn abitwe reyalize nan Seksyon Kominal yo .

Se yon kesyon gratel ak enfeksyon kap tripote lòlòj tout moun! Jean Gilles Pauléne, yon Enfimyè diplome, ki toujou ap fè bwas pou bay kout men, fè konnen se move dlo popilasyon ap itilize ki lakoz epidemi sa yo ap vale teren nan Janrabèl, sitou nan Seksyon Kominal yo kote moun yo pa jwenn dlo pou yo bwè si tout fwa lapli pa tonbe.

Jean Gilles Pauléne, Enfimyè diplome



Devan yon tèl deriv, pwiske se nan kad Klinik Mobil kèk òganizasyon sante rive dekouvri epidemi sila yo, jis jounen jodi-a, MSPP (Ministè Sante Piblik e Popilasyon) pa janm entèvni nan Janrabèl; toujou selon Enfimyè diplome a, Jean Gilles Paulène ki kontinye pou-l di epidemi gratèl ak maladi enfeksyon sa-a ap taye banda nan Komenn Janrabèl depi Desanm 2018.

Lòt ka yo rive dekouvri atravè Klinik Mobil sa yo , se pwoblèm Ilsè destoma kote ajan santé yo ankouraje Popilasyon an pou-l konsome mwens grès e pa manje trò ta ki se bonjan konsèy pou sante tout moun kap viv sitou nan Komenn Ba Nòdwès yo.

Saint Jean wiskis, TriboLAND.

Share:

Leave a reply