Ensekirite an Ayiti: Yon lòt polisye tonbe anba katouch bandi moto nan Turgeau

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon ajan 1 ki rele Kléber Jean Baptiste se yon lòt polisye ki tonbe ankò yon fwa nan kan lapolis-la Jedi swa lòske bandi sou moto desann li ak katouch nan Turgeau e lè yo fini pwan laj pou yo. Se yon lòt rèl ak yon lòt kri a rama pou enstitisyon PNH la.

Li te anviron onzè diswa nan yon katye nan Turgeau ajan 1 Kléber Jean Baptiste kit e sou yon moto enstitisyon Lapolis la tap tante rantre lakay-li lòske li resevwa lachman plizyè katouch de bandi a moto non idantifye.
Selon sous polisyè yo, ofisye Jean Baptiste ki te soti nan 26e pwomosyon kò polis-la te afèkte nan Komisarya Pòtopwens sou idantifikasyon 16-2611-14868, mouri san bat e kriminèl yo menm pwan moto ke li tap kondwi-a e leve kouri.






