Sen Lwi Dinò: Yon Pwofesè lekòl mouri anba bal bandi moto yèswa


SEN LWI DINÒ__(TRiboLAND) Oginot Gérome se non yon pwofesè lekòl byen konni nan vil Sen-Lwi Dinò ki jwenn lanmò-l yèswa vè 8è p.m. anba bal bandi moto tou pwè ansyen Teleko Sen Lwi Dinò-a.
Selon kè sous fyàb, TRiboLAND ta apwann ke mèt Gérome ki se egalman yon avoka lisansye tap jwe nan baz Katèl Damou devan lari ki pi ba ansyen Teleko-a nan vil Sen Lwi Dinò. Mèt la ki tap distrè-l nan yon jwèt bezig ak kèk sanmi lòske 2 bandi moto te antre nan baz la e mande pou Mèt Gérome; bandi goril yo ki te kaboule e yo te inikman bezwen pwofesè Gérome. Konsa, bat je, bat je, yo krible li ak sis bal e yo tekontinye ap tire anlè kalmeman san difikilte jiskaske inyoran yo derape ak moto yo san bwi san kont.

Mannèv pote sekou ki pou te ede avoka-a jwenn yon ti lòsyè swen dijans pat tèlman abouti a anyen. Plizyè bal nan vant ak nan tèt te oblije victim nan pat pwan tan pou te ran dènye soupi-l nan yon sant medical. Se avèk anpil endinyasyon ke polilasyon Sen Lwi Dinò-a ap plere sou lanmò lach sa ke kriminèl sangwen komèt nan yon sibèl vil ki pat jamè desann nan yon parèy nivo.
Sous TRiboland yo fè konpwann ke Komisè gouvènman ap rapouswiv avèk ankèt yo; konsa, pami twa lòt jwè bezig yo ki tap jwe ak Me Gérome genyen youn ladan yo ke yo relache alòske gen de lèzòt ki kontinye ap sibi entèwogatwa. Sepandan, jiska pwezan otorite konsène yo ap miltipliye bwas nan lage koukouwouj dèyè kriminèl yo!
Nap raple-w, Me Oginot Gérome se te yon avoka, yon pwofesè byen konni nan plizyè Lise nan depatman Nòdwès-la; li te yon gwo jwè foutbòl e li te toujou soutni anpil kominote espòtif la, sitou antan ke abit pou yon latrye match foutbòl.






