Nòdwès / Edikasyon: MOTANO gradye 77 etidyan nan Elektricité Karelaj e Plonbwi

78
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND) Sou inisyativ Me. Versidieu Ductan, Mouvman Tet Ansanm Nòdwès (MOTANO) se yon lekol pwofesyonèl ki egziste depi 21an nan depatman Nòdwès la, vil Pòdpè an patikilye. Yon seremoni gradyasyon ki dewoule ayè 28 Jwiyè 2019 nan Merventina Hotel, nan prezans plizyè kad nan vil Pòdpè. Dirèktris lekòl la ki se Madam Veloude Cadet te pwan lapawòl nan sikonstans lan pou adrese-l avèk popilation an kite reponn prezan an foul, kote li te konseye yo pou yo aprann yon pwofesyon paske kesyon atagaz la pa alamòd ankor.

Repwezantan direktè fondatè lekol la, John Kerlyn Ductan te pwan lapawol tou pou retrase istwa MOTANO ki, depi egzistans li pa sispann livwe moso pen lenstrikyon pwofesyonèl nan Pòdpè ak yon ti kras kòb se yon mwayen pou ede jenès la kap kite peyi-a e pwan bato pou al Chili ou byen pwan machine pou al an Repiblik Dominikènn vwazen al pwan imilyasyon. Repwezantan Direktè fondatè lekòl pwofesyonèl la te kontinye pou fè foustrasyon li pase pou di MOTANO ap batay pou chak jènn anndan Nòdwès jwenn yon opotinite pou aprann yon pwofesyon pou yo pa al pwan imilyasyon nan peyi letranje.

Seremoni Gradyasyon MOTANO, Pwomosyon 2019, Pòdpè

Jean Jean-Luc repwezantan pwomosyon ki tap gradye-a te pwan lapawòl nan non tout elèv yo kote li drese yon tablo tris pou demontre leta ayisyen pa gen oken ankadreman yo bay jenès la, li pat mete dlo nan bouch li pou te mandé otorite nan peyi isit kisa yap fè pou jènn pwofesyonèl yo ki lage de bwa balanse nan peyi-a; se zam yo obligé pwan pou simen la twoublay nan peyi-a,se youn nan bagay ki lage anpil moun sou gwo enkyetid.

Jehrbson Petit, TRiboLAND

Share:

Leave a reply