Lapolis mete anba kòd 2 gwo chèf gang ki ta sanble enplike nan masak Lasalenn nan

Pòtopwens__(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti poze la pat yèswa nan Matisan sou yon gwo chèf gang Tony Derilus ki gen non gang “King Toto” ansanm avèk makrèl li Guitho Louis aka Sèso ki tap opera nan Bwa Dòm
Bandi sa yo ki tap mete zònn Matisan tèt anba tonbe anba men Lapolis avek yon pistolè kalib 9 milimèt, dapwè komisyonè divizyonè Mario Aubergiste, Direktè depatmantal Polis Lwès la. Pwezime kriminèl sa yo ki ta sanble patisipe nan masak Lasalenn nan ki te anrejistre ant 5 jiska 13 Jwiyè 2019 dapwè nòt 18 Jwiyè 2019 kèk enstisyon kap pare kou pou dwa moun nan peyi-a te mete deyò.






