Se bon pou Nòdwès: se yo menm ki responsab eta yo

101
0
Share:
TRiboLAND

Gade eta yon depatman swa dizan li genyen Senatè ak Depite pòpòt bannann ki repwezante-l. Mizè kwonik chita depi dig dantan nan tout ba Nòwès la kote ke moun ap fè biswit tè pou yo manje. Pa gen absoliman anyen ki fèt de fason konkrè depi djad te kaporal. Senatè nèg lèd, pye kwochi, san visyon vini e Depite malfwa grenn senk pase, yo tout fè resèt e kraze yon kite sa epi yo ale al jwi sa yo vòlè nan konfyolo e apwè anyen pa janm rive yo.

Nou vle mande ki kòd inyorans ki mare konsyans popilasyon sa ki fè li oblije ap vale mizè, patoje nan malpwopwete ki pi repinyan e revoltan anndan peyi a. Ki lasi ki pete je popilasyon sa, ki fè se li menm nenpòt ki malfòme ka awoje-l pou li pwezante kòm candida pou vinn pwan piyay sou do chwal papa!.

Tonnè! Ki lè moun Nòdwès ap arive fè tèt yo yon favè pou derasine ekip san vègòy ki pa menm pwan konsyans de eta ennimen ki mare depatman depi plizyè syèk. Ki sa popilasyon Nòdwès la ap tan pou li trase yon ekzanp sou ekip vòlè sa yo ki finn fè fòtenn sou do chwal la.

Gade eta yon depatman kap ansonbwe chak jou, alòske ou jwenn yon ti gwoup ke yo achte espwi yo, dinyite yo, kapasite jijman, ak reflex entèlèktyèl ki fè yo kontante ak ti kraze goud ke Senatè ak Depite Nòdwès yo krache nan men yo. Karans karaktè sa pèmèt anpil antite nan depatman an asèpte viv nan fatra, pousyè, labou, dlo, enfeksyon pou nou site sa yo sèlman.

Jodi-a, bagay ki rele Senatè ak Depite-a vinn yon jouman ki trè degradan. Se yon seri apatrid ki travay anpil pou efondre peyi Dayiti atravè men miz sou tout enstitisyon leta yo ke yon konvèti kòm espas vòl, kòripsyon, medyokrite, machann dwòg, kidnapè epi youn nap sere pou lòt. Trè souvan yo pwan kouvèti avoka pou ka fè plis krim finansyè. Sepandan, akote tout vis ak krim sa yo, nenpòt ti bebe kapab temwanye Senatè ak Depite Nòdwès yo fè plis krim nan fason ke yo konplis de lanfè depatman an. Se yon ekip voryen ki twonpe naivte ak inyorans popilasyon an, ki pat janm reyisi finansyèman nan pase yo ki jounnen jodi-a ap fè richès onon de yon pèp ki alagoni.

Ki sa Eli Nòdwès yo ap tan pou yo bay depatman an esplikasyon sou yon pakèt fòtenn Louis Onondieu, Evallière Beaublan, Kedler Augustin, Jean Marie Forestal ak anpil lòt ke non yo site ki nan kòripsyon. Voryen sa yo ki apènn ap de gwosi nan luks fèmen sye sou eta moun ap viv lakay yo, aloske yap radote nan kapital avèk arogans nan basen vòl, kòripsyon ak iminite.

Nòdwès reyèlman responsab de tout imilyasyon ak kalamite sa yo. Pa gen oken lòt zònn sou tèritwa nasyonal la kap dòmi reve asèpte viv nan kondisyon sa pou fo lidè ki menm ka itil lakay yo. Akote yon leve kanpe ki pou derasine tout vye pwatik ki fè eli Nòdwès parèt kòm moun ki pi sangwen, malpwòp, kriminèl ki te ka genyen atravè repiblik la, se yon mès nwa ak yon levènn 21 jou ak yon bon libera lansan ki ta dwe chante pou sa yo ki la oubyen ki te la ki tap benyen nan malvèsasyon men tou ki gen men yo tranpe nan olokòs sa kap pase nan Nòdwès. Nòdwès dwe jwenn jisti! Voryen sa yo, non sèlman depatman an pa egziste pou yo, men yo imilye depatman onivo nasyonal ak entènasyonal akoz non yo kap fè aktiyalite nan kòripsyon.

Luc Albert Cetoute, TRiboLAND

Share:

Leave a reply