Nòdwès ap disparèt anba je yon leta koupyon ak eli san vègòy

108
0
Share:
TRiboLAND

Kondisyon pou ba Nòwès tonbe anba yon faminn Etyopi-a deja reyini malgre kri detrès popilasyon an ki pasispann klewonnen nan fèy zòrey otorite initil yo.

Nòdwès ki detache-l de rès peyi e ki pa sispann trete an paran pòv, pa sispann fè fas kare ak sityasyon grangou, salte, ou enimen ki pa sanble kote moun ap viv. Dènye repòtaj TriboLAND yo moutre aklè, se yon depatman kap konte jou pou sa kaba!

Se la fen ou disparisyon total yon sosyete abandone, maltirize, tòchone avèk konplisite nasyonal de yon leta sanvègoy ki jwenn sipò yon seri voryen kriminèl kap fè fòtunn pandan  yap boule dola yo kontinye ap woule Nòdwès nan farinn.

Pa genyen pye bwa ankò ki rete menm pou fè chabon; secherès Sahara pa sispann fè pale de li, alòske pwovokasyon yon ekzòd masiv pou ale chèche refij kote lavi fè kwen kontinye ap pwan yon vitès san pwesedan. Se ka lokalite Mahotyè ki pa sispann pwan flanm dife solèy alòske li genyen pwèske anba vant li flèv Twa Rivyè. Ankò se yon pwèv ki pwouve a ki pwen bagay moun Nòdwès eli yo kriminèl!

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Share:

Leave a reply