Plis touris Rus tonbe damou pou peyi Jamaik

104
0
Share:
TRiboLAND

Gwo konpayi èbis ki asire trajè Larusi e Jamaik ranfòse kapasite yo yon fason pou transpòte touris. Touris Larusi yo pa sispann ogmante nan dènye jou sa yo dapwè Ministè Touris peyi Jamaik.

Nan fen mwa Dawou a, Ministè Touris nan peyi Jamaik anrejistre apepwè 1. 87 milyon vizitè ki antre nan peyi-a, swa 9. 15 pousan ogmantasyon lè ou konpare peryòd ane dènye-a. Diplis sa, pèmèt genyen yon revni ekonomik ki estime apepwè 2.39 bilyon dola ameriken.

Kòmanse nan Janvye pou rive nan mwa Jwen 2019 la, genyen apepwè 3,000 Rus ki vizite peyi rasta yo, konparativ a 630 pou menm peryòd ane dènye-a. Selon ekspè tourist yo, tout sa gen pou wè avèk vòl dirèk yo ki ogmante ant Moskou ak Montigobe atravè airline Pegas Touristik/Nordwind ki kòmanse sèvis li nan mwa Oktòb dènye a, selon sa Delano Seiveright Konseyè antèt ak estratejis Minis Touris Jamaik la deklare ayè Lendi-a nan seremoni douvèti Pwodwi Dechanj Jamaik (JAPEX), yon gwo show komès ki tap manniganse nan Sant Konvansyon Montigobe-a.  

Share:

Leave a reply