Basen Ble: Gwo leve kanpe nan kàd pwotestasyon kont ratman gaz ak demisyon gouvènman Jovenel Moise la

Basen Ble__(TRiboLAND) Jodi 17 Septanm nan, popilasyon Basen Ble a leve kanpe sou dezyèm jou seri manifestasyon kap taye banda atravè tout peyi-a nan kad pwotestasyon kont rate gaz ak demisyon ou rache manyòk rejim Plonje Haiti Tou Kanpe a (PHTK).
Pèp souveren nan Basen Ble te oblije drese barikad pou defoule fwoustrasyon e anpeche machenn ki tap soti Pòdpè jwenn pasaj. Selon temwen ki tap depose bay repòtè TriboLAND ki te sou plas, lekòl pat arive pwan jarèt e aktivite kotidyen yo te konplètman paralyze menm jan ak plizyè lòt kote atravè peyi-a.






