Ti Gwav inondasyon: 2 moun mouri, 4 disparèt ak divès kay detwi e andomaje

110
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Rezilta yon ti bout lapli ki tap tonbe nan lanwit 18 pou leve 19 Septanm 2019 la, inonde vil Ti Gwav; okazyone 2 moun mouri, 4 moun ki disparèt san konte divès kay detwi nan site Faustin Soulouque la.

Selon repòtè lokal yo, inondasyon sa se rezilta absans gabyon, kiraj rivyè ak kanal yo. Lapli a ki te tonbe pou sèlman apepwè 40 minit, envayi anndan kay moun ak dlo fatra ak labou san parèy. Plis pase 240 kay ap naje nan dlo alòske yon pon efondre, 30 kay konplètman detwi ak 55 lòt andomaje, selon dènye bilan pasyèl direksyon pwoteksyon sivil yo.

Konsa, plizyè notab ak otorite lokal yo pa sispann klewonnen “pote sekou” nan zòrèy leta santral la ke yon pa menm santi. Anpil zònn ki afekte yo pa piti, notamman Ti Guinen ak Nan Bannann. Paralèlman, pèp souvren te pwofite pwan lari tou pou pwoteste rate gaz, lavi chè, ak depa chèf deta peyi-a ki se yon enkonpetan nan tout domènn.

Leve kanpe sa yo te pèmèt wout nasyonal ki relye plizyè lòt depatman enpwatikab e paralyze.

Share:

Leave a reply