Manif nan Pòdepè jounen Lendi 23 Sept 20l9 la pou mande depa san kondisyon Prezidan Jovenel Moïse

95
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND) Manifestasyon pa sispann miltipliye sèjousi nan Pòdpè. Fwa sa ankò avèk bourad Fòs Opozisyon an nan Nòdwès an konplisite ak Medsen, Avoka ak ti mesye Petwotchalenndjè yo te achte beton site Kapwa lamò-a lajan kontan.

Manifestan yo ki te pakouri plizyè kwen nan vil la, tap reklame depa vit e pwese pwezidan Jovenel Moise ki yon enkilpe, yon vòlè, yon mantè, yon initil enkonpetan ki pa menm delivwe 10% labònn gouvènans. Anpil pawòl piman bouk ki pa ta fè onè pwezidans yon peyi!

Pwotestatè yo te rapousib pou di yo pa rekonet Jovenel Moïse kòm Prezidan peyi Dayiti ansuit yo pa bay Jovenel nonplus manda pou l al pran lapawòl nan non pèp ayisyen devan Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo (ONU).

 Fòk nou di manif jounen Lendi 23 Septanm 2019 sa-a, paralize yon lòt fwa ankò sektè edikasyon ki te deja ap mache bwete; tout lekòl yo te gen pòt yo klete onivo depatman Nòdwès la. Ajoute a sa, majorite biwo leta yo nan vil la pat rive fonksyone.

Share:

Leave a reply