Vil Gonaiv anba chòk e anba dlo

GONAIV__(TRiboLAND) Vil Gonaiv nan depatman Latibonit subi gwo aktivite inondasyon yèswa 25 Septanm 2019 lan. Divès ri nan Site Lendepandans lan envayi avèk dlo konbyen pye. Gwo kòkenn chenn lapli ak aktivite dlo desann sa yo pat manke fè popilasyon an panse a derespektan siklònn Jann ki te reyèlman devaste vil Gonaiv.
Anpil gonaivyen ki te gen kè yo sou biskèt pat ezite kouri chèche abwite yo nan pozisyon ki pi elve e sekirize. Zònn tankou Gatro, Byenack, Kasolèy, ak Bwa Dòm pou nou site sa yo sèlman, tap mande najè!
Nan mwa Septanm 2008, Gonaiv te pwan gro aktivite dlo desann ki pat osi katastwofik ke dènye gwo inondasyon ki te yon move souvni pou vil Gonaiv, se gwo dega inondasyon ki te danse kole ak labou e ki te pwovoke lanmò plis pase 3000 moun nan mwa Septanm 2004.
An natandan dènye bilan pwoteksyon sivil yo, Gonaiv te anba gwo chòk ak panik yèswa ki pa osi trajik ke sa ki rive ankò nan vil Pòdpè ki te egalman inonde ayè apwè midi pandan 3 èdtan lapli. Li enpòtan pou sinyale, site Kapwa Lamò-a pap pase 2 mwa san inondasyon.






