Ayiti mobilizasyon: pwotestasyon vyolant sekwe kapital la

109
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Sa pa gen lontan pwezidan Jovenel Moise klewonnen yon rekonsilyasyon ak inite nasyonal, men li echwe alòske li jwenn pito yon vag pwotestasyon bò kote yon pèp ki an kolè. Ayiti se peyi ki pòv nan Amerik yo; 3/5 nan popilasyon an ap viv anba linn povwete avèk sèlman $2 pa jou. Kidonk, avèk yon pakèt chay mekontantman nan fason richès peyi-a pataje, anpil gwo alegasyon kòripsyon kwonik ki bay repiyans, pèp souvren oblije fwape pye-l.

Image result for manifestation en haiti 27 septembre 2019

Nan kad mobilizasyon pou mande depa Jovenel Moise, kapital la, Pòtopwens resevwa anpil sakad popilè jounen Vandredi 27 Septanm 2019 la. Anba yon flam vyolans, plizyè milye pwotestè pa pè chay, arive anvahi e sakaje pwèske tout sa yo jwenn sou pasaj yo, tankou yon dealè otomobil, yon biwo Western Union, yon biznis lokasyon rental car, AVIS, san konte yon pakèt latriye biznis kip wan dife ragagann.

Image result for manifestation en haiti 27 septembre 2019

Yon gwoup pwotestè piye yon pòs polis nan kapital la e sakaje ak pote ale aminisyon, jilè balistik, matla, ekipman sekirite polis ak anpil lòt bagay nan yon baz fòs sekirite, UDMO. Konsa, TRiboLAND.com pat jwenn bon jan repons bò kote responsab PNH sou piyaj la.

Manifestan yo mete dife nan plizyè biznis, machenn polis ki okazyone eksplozyon nan diferan katye nan kapital la. Se pwèske menm kad figi-a nan pwèske tout vil pwovens yo, tankou Gonaiv, Pòdpè, Miragwann, Okay, Okap, Petigwòv, Sen Mak pou nou site sa yo sèlman. Selon yon sous lapolis, pwotestasyon say o anlve lavi apepwè 4 moun, alòke gen anpil blese, espesyàlman nan Okap.

Image result for manifestation en haiti 27 septembre 2019

Youri Latortue, yon Senatè repiblik la, deklare ke aktivite pwotestasyon ap kontinye jiskaske enkilpe Jovenel Moise retire kò-l sou pouvwa. Konsa, nenpòt sa ki rive-l anndan peyi-a pèsònn moun pa responsab. Pandan randevou kase pou Samdi 28 Septanm pou yon lòt jounen manifestasyon sou banyè “Operasyon Dragon” onbyen “Operasyon Moun Fou”, atravè tout peyi-a; anpil antisipasyon pou yon llòt jou tris pou nasyon ayisyènn nan!

Share:

Leave a reply