Ayiti yon lòt fwa ankò mande demisyon ak jijman Pwezidan Jovenel Moise atravè gwo deblosaj

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon latriye milye moun pwan beton an atravè tout peyi-a e mande yon lòt fwa ankò depa vit e pwese Pwezidan enkilpe-a Jovenel Moise. Yon mouvman ki batize nan kad pou chèche boske pwezidan ki dapwè rumè ki nan kache depi kèk jou ou byen ki sanble pa ta pwan dirije yon peyi oserye.
Jounen Lendi 30 Septanm 2019 la, se vrèman yon veritab rad mare nan tou peyi-a pou pase yon fè cho sou gouvènman Moise ki afiche yon enkonpetans nan nivo “Pwezidans” ke moun poko janm wè atravè monn lan, dapwè plizyè manifestan ki pwan bal an kawoutchou ayè nan kapital la. “Nou genyen yon gouvènman ki pa menm fè 2% nan tout fatra li te pwomèt yo pou lakay li kap santi e yon pèp ki fenn tounen kokorat atravè monn lan”, selon sa Lesly Dieudonne deklare pandan li tap simen gazolenn sou yon pil kawoutchou machenn.
Lekòl fèmen, lopital pa fonksyonèl, bank ak yon pakèt lòt enstitisyon ekonomik ak etatik fèmen pòt yo, ratman gaz, ratman dlo, ratman manje, sèvis twanspò, san konte elektrisite ak anpil lòt bagay pa fonksyone; anfen se yon veritab pa an aryè pou yon peyi ki, depwi yon latriye deseni tonbe anba men yon ekip idyo tout kalite ki pa sispan plonje moso tè sa ak tout sa ki ladan-l nan lanfè.
Plizyè moun pwan wout lopital, alòske sèvis ijans yo pwèske pa fonksyonèl akoz ratman gas ak twanspò. Lapolis bò kote pa li te pwofite ap fè gaspiyaj lajan kontribyab yo nan itilize san sans gaz lakrimojènn ki tap enève divès gwoup manifestan ki tap trese lèl ak detèminasyon anba lapli pou pote boure nan Petyonvil nan boske Jovenel Moise.
Espèktak san ak kadav sitwayen ayisyen ki rete sou plizyè twotwa parèt kòm fè dive. Gwoup ame ki pwan kouvèti polis melanje ak divès ajan PNH te arive fè anpil egzasyon menm sou jounalis. Divès machenn zo reken ti ta sanble ap opera sou kouvèti Palè Nasyonal simen anpil panic pandan jounen pwotestasyon an, dapwè yon sous gouvènmantal.
Vil tankou Gonaiv, Okay, Jakmèl, Fòlibète, Miragwànn, Pòdpè, Okap pat sispan pwofite malgre lapli pou mande depa san kondisyon Jovenel Moise. Anfen, se tout yon lil ki te an ebilisyon ayè Lendi-a; yon lòt jou pwotestasyon, dega, barikad, dife nan komisarya, grèv, dezobeyisans sivil, grangou, ak kou zam ki pa sispann tire onon enkonpetans ak kòripsyon.
Pou anpil ekspè, Ayiti ki anba men yon neokolonyalis rasi ki pasispann tòchone e redwi-l kòm moun paske li te oze kapote esklavaj, koulya dwe deside yon lòt fwa ankò swa delibere tèt li kòm nasyon oubyen reziye yo pou yo tout fenn disparèt kòm pèp; jan anpil kolon pa sispann fèl chak jou Bondye mete kont Ayiti.
Jacob Bendallahm






