Santiman anti-ayisyen pa sispann miltipliye nan Bahamas apwè pasaj Dorian

Naso__(TRiboLAND) Santiman anti-ayisyen apwè gwo siklònn Dorian ki devaste peyi Bahamas pa sispann ap taye banda e rive nan yon pwen kote ke moun pa ezite ekspoze pwejije yo.
Aktivis politik, ofisyèl gouvènman ak viktim siklònn Dorian yo rapòte gwo tansyon rasyal, laperèz ak diskou rayiman sou medya sosyal yo rive nan yon pwen ki bay anpil laperèz.
Antouka, ayè Lendi 30 Septanm 2019 la, aktivis Louby Georges fè yon konplent bay lapolis apwè ke li te fenn resevwa yon mesaj voice detaye ki menase vi li. Selon Goerges ki tap pale ak Lapwès, nòmalman li toujou inyore jan detraktè sa yo, men otomatikman se yon mesaj pale ki gen anpil emosyon yo anplifye pa katastwòf siklònn Dorian an li enpòtan pou pwan li oserye.
Georges, ki se yon pòtpawòl pou “Kominote Ayisyènn Uni”, alète gouvènman an pou li pa ankouraje apèl rasis ak demann balewouze imigrasyon kont ayisyen ki te viktim nan siklònn Dorian an, pandan lap kontinye mande èd imanitè onivo entènasyonal.
Pòtpawòl la kontinye pou li di,”Nou chita sou yon gwo volkan koulya; goudwon an tèlman cho ke si nou kouri ak machenn nou sou li, li riske boule plat atè 4 kawoutchou yo”. Se nan pwen sa tansyon an rive.






