Jovenel Moise mobilize FAES pou kase zèl mobilizasyon an avèk ti kit alimantè

Site Solèy, Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan non grangou ak nan non siyasyon pwekè ke moun sou pouvwa-a kreye, Fon Asistans Ekonomik Sosyàl (FAES) antre nan Site Solèy kòm papa bon kè e distribwe plis pase 2,000 kit alimantè ki genyen anndan-l yon 10kg diri, 2,000 kit eskolè, ak 3,000 plat manje cho.
Konsa, nan yon anbyan dezòd ki lakoz te gen plis moun ke manje, plizyè sitwayen pat pwan tan pou bloke wout Site Solèy la yon fason pou te ekspwime mekontantman yo kont jwèt mèt dam pouvwa-a ki ta soti pou achete karaktè yo pou plat manje e demobilize yo kont gwo manifestasyon ki pwevwa pou demen Vandredi-a ki pwàl mande yon lòt fwa ankò depa chèf deta Jovenel Moise ke yo repwoche kòm yon kòwonpi.
Nap raple anpil pwotestatè sa yo tap chante ke yon ba yo diri ou pa, sa pap kanpe manifestasyon demen 4 Oktòb la pyès!






