Ayisyen ansanm ak tribinal Etazini ouvwi yon pwosè kont fòs lapè Nasyon Zini yo sou kontaminasyon kolora

Washwentonn__(TRiboLAND) Plizyè sitwayen ayisyen an konplisite ak Lakou Supwèm peyi Etazini ouvwi yon pouswit legal kont Misyon Stabilizasyon Òganizasyon Nasyon Tèt Kole (L’ONU) yo pou kontaminasyon rezidan ayisyen yo avèk kolora nan lane 2010, dapwè sa ki sòti anndan yon rapò tribinal nan Washentonn.
Pouswit legal sa konfime ke se Marie Laventure ak plis pase 3,000 lòt viktim ayisyen ak ameriken ki te afekte avèk kolora-a.
Antouka, defansè nan pwosè sa se LONU, UN Stabilization Mission an Ayiti, ansyen chèf Nasyon Zini an Ban Ki-moon, ak plizyè lòt ofisye LONU. Pouswit legal yo demontre ke Lakou Supwèm peyi Etazini pwan dosye a an men.
Selon Òganizasyon Mondyal Sante, epidemi kolora nan lane 2010 la te afekte apepwè 700,000 ayisyen, avèk plis pase 8,400 mò. Anpil sitwayen ayisyen kwè ke se fòs militè mentyen lapè LONU-Nepal yo ki pote kolora-a nan peyi Ayiti.
Nan lane 2016, Òganizasyon Tèt Kole yo te rekonèt pou pwemye fwa responsabilite yo nan epidemi kolora-a, malgre nan yon pwemye tan yo tap kontredi-l.






