Yon aktivite 5.7 latè tranble sekwe Japon pandan ke peyi-a ap pwepare pou fè fas ak yon mechan tyfonn ki rele Hagibis

Tokyo__(TRiboLAND) Japon pwan anba yon aktivite latè tramble ki gen yon magnitid 5.7 avèk yon episant ki soti nan nannan Oseyan Pasifik la toupwe Pwefekti Chiba a, dapwè Ajans Metewolojik Japonè a. Vil tankou Tokyo ak Shizuoka ki nan rejyon lil Honshu te pwan anpil sakad.
Jiska pwezan responsab yo pa pwevwa oken aktivite tsunami. Gwoudou gwoudou a pase vè 6:22 swa lè lokal (9:22 a.m. GMT) jodi Samdi 12 Oktòb 2019 la.
Sepandan, pa gen twòp dega ofisyèl ki relate bò kote otorite yo sou sa ki gen pou wè avèk gwoudou gwoudou sa ki fèt nan yon moman kote ke peyi Japon ap mare ren li pou fè fas kare ak yon mechan tyfonn ki rele Hagibis kap avanse sou rejyon Kanto a.
Konsa, otorite yo ki pwan sant danje, deja evakye plis pase 50, 000 moun e rele apwè 4.2 milyon sitwayen pou kite zònn ou distrik ki pi vilnerab yo yon fason pou limite dega yo.
Dapwè sous metewolojik yo, tyfonn Hagibis gen pou li simaye gwo tonton lapli ak rafal van san parèy; li se yon mechan tyfonn ki pi dechenen ke tyfonn Ida ki te devaste peyi Japon nan lane 1958, kote ke plis pase 1,269 moun te fè vwèl pou peyi san chapo.






