Ansyen Pwezidan Leonel Fernandez bay demisyon-l alatèt PLD

93
0
Share:
TRiboLAND

Sen Domeng___(TRiboLAND) Ansyen Pwezidan Leonel Fernandez bay demisyon li kòm pwezidan Pati Liberasyon Dominiken an (PLD), sou baz òganizasyon politik sa pa egziste ankò e li pa repwezante enterè pèp panyòl la.

Nan yon adrès pou tout peyi-a, Fernandez deklare tou ke li pa ka mam yon pati kap pwomote otoritè ak lòt zak ki chita sou yon seri enterè pèsonèl, menm nan kontèks ki pafwa enposib e menm irasyonèl. Politisyen ki fè apepwè 17 lane kòm alatèt pati-a fè konnen ke li genyen devan li yon lòt wout kap rete tann li avèk yon pwojè politik ki rele “Pouvwa Pèp.”

Li dekri “Pouvwa Pèp” kòm yon mouvman inite nasyonal ak anpil pwojè demokratik, “kap genyen pou ranpòte laviktwa andeyò de tout sa yo te rache nan men nou anndan: ki se espwa pèp Dominiken an pou bati yon pi bèl demen”.

Sitiyasyon sa antre nan faz ki pi kritik la, nan yon moman ki tèt koupe ak kontwovès eleksyon pwimè 6 Oktòb yo ki te favorize viktwa Gonzalo Castillo, nan yon seri eleksyon ke Fernandez kalifye kòm pike kole mèt dam kote ke sistem vòt otomatik ki itilize pou pwemye fwa nan peyi-a ta dwe odit.

Share:

Leave a reply