Miyami: Plizyè milye fidèl katolik ayisyen pwan lari pou mande demisyon Jovenel Moise

Miyami__(TRiboLAND) Nan sware ki te 22 Oktòb 2019 la, plizyè milye fidèl Katolik Ayisyen ki te gen nan tèt yo Frè Reginal ak yon latriye pwèt ki natif natal Legliz Katolik Nòtredàm Dayiti-a te achte beton Miyami an lajan kontan.
Mayo jònnn ak slogan delivwans ak yon latriye kantik karismatik kap mande pou Jezi fè yon bagay pou peyi Dayiti, pat sispann klewonnen divès ri nan vil Miami yon fason pou te bay jarèt gwo mouvman responsab Conferans Relijyez Ayisyen yo ki tap reklame demisyon san kondisyon Jovenel Moise ayè Madi-a!






