Peyi Bahamas dwe regularize imigran Ayisyen ki te viktim nan Siklònn Dorian an

Naso__(TRiboLAND) Bahamas dwe chèche yon fason pou yo “regilaze estate imigran Ayisyen e pèmèt ke yo benefisye tout sa ki gen pou wè avèk yon vi nòmal ak kondisyon travay” sitou apwè Siklònn Dorian an, se deklarasyon yon ansyen ofisyèl Wo Komisarya pou Refijye nan Nasyon Zini.
Doktè Jeff Crisp, ki se alatèt Devlopman Lwa ak Sèvis Evalyasyon pou Wo Komisarya pou Refijye nan Nasyon Zini, deklare bay yon jounal Bahamas ki rele The Nassau Guardian, deklare ke Ayiti toujou rete yon eta fwajil, sitou onivo politik ak ekonomik. Yon evantyèl depòtasyon masiv ayisyen kapab kontinye destabilize peyi Dayiti pi mal ke sa.
Olye pou ta pwan yon seri mezi depòtasyon ki trè danjere, Bahamas ta dwe chèche yon fason pou akonpanye ou regularize estate imigran Ayisyen yo de pweferans; e pèmèt yo benefisye yon vi desan ak bonjan kondisyon travay.
Nan semen ki sot pase yo, peyi Bahamas te anba gwo kritik apwè ke gouvènman Minis la te anonse entansyon li pou depòte Ayisyen ilegal malgre yo se viktim gwo Ouwagan Dorian an.






