Pwemye Minis Antigua ak Barbad la mande Inivèsite Harvard reparasyon esklavajis

Jedi 7 Novanm 2019
Pwemye Minis Antigua e Barbad mande reparasyon bò kote Inivèsite Harvard ki te asosye-l ak pwopwiyetè esklav ki tap fè fòtenn sou do divès sitwayen Antigua.
Nan yon lèt dekachte ke li voye bay Pwezidan Inivèsite Harvard la, Mesye Lawrence Bacow 30 Oktòb pase-a, Gaston Browne define yon lyen dirèk ki egziste ant siksè Lekòl Dwa Havard jounen jodi-a ak opwesyon move tretman esklav antigwan yo te sibi anba Mèt plantasyon esklav yo nan epòk Kolonyal nan Massachusèt, dapwè The Washington Post ak Miami Herald e The Harvard Crimson.
Nan lèt sa ki te adrese bay responsab youn nan pi gwo inivèsite peyi Etazini, Pwemye Minis Browne site Mèt esklav, Isaac Royall Jr. ki se youn nan moun ki te benefisye pwemye lwa pwofesora Harvard la nan lane 1815, ki jiska pwezan figire pami non moun ki resevwa pi gwo pozisyon distenge Pwofesè Lwa Royall la nan Harvard.
“Nou konsidere ke Harvard fè echèk nan onore obligasyon li fas a pèp Antigua a kote ke li gen tach sou li nan fè pwofi ak san pèp nou an kòm yon bagay chokan poum pa di immoral,” dapwè sa Browne te ekri.






