Etidyan finisan nan plizyé Fakilte nan pòdepè , fikse pozisyon yo sou sitiyasyon lamantab Peyi Dayiti e yo mande demisyon prezidan Jovenel Moise nan tèt peyi a

90
0
Share:
TRiboLAND

Vandredi 8 Novanm 2019

Pòdpè___(TRiboLAND) Nan yon konferans Pou laprès jounen Jedi 07 Novanm 2019 saa, Yon gwoup Etidyan finisan nan Sosyoloji nan vil Pòdpè , ki Soti nan divès Fakilte nan vil la e ki regwoupe yo anndan yon mouvman ki pote non” Mouvman Etidyan Angaje pou Yon Nouvo Sistèm An Ayiti ( MEANSA/ MENSH) ” fikse pozisyon devan nich Kriz sa kap sakaje labil peyi a depi plizyè mwa.

Etidyan sa yo ki di yo senpatize yo ak etidyan kap fè grèv grangou depi plizyè senmenn sou kont prezidan Jovenel Moïse, mande pou Altènativ Konsansyèl, Pasrèl, Machekontre ak dòt pati politik nan peyi a ki pa dakò ak fason Jovenel Moïse ap mennen bak peyi a pou yo rive jwenn san pèditan yon méyè altènativ bay Nasyon Ayisyènn nan ki pa kapab tann ankò. Konsa, yap fini pa rive mete yon bout nan sistèm kòwonpi ak peze souse ki finn dechèpiye peyi a.

Mouvman Etidyan Angaje pou Yon Nouvo Sistèm An Ayiti ( MEANSA/ MENSH)

Selon Pòtpawòl Mouvman sila a, Jean Elunès, youn nan etidyan finisan nan branch Sosyoloji nan vil la, swete ALTÈNATIV K0NSANSYÈL, PASRÈL, MACHEKONTRE ansanm ak tout lòt Pati Politik nan peyi a ki kwè fòk peyi a soti nan sitiyasyon l twouve l jounen jodi a, dwe mete kanpe yon Tranzisyon San Palman ak yon kabinè Ministeryèl redwi kap dire 3 lanne; yon konsèy Saj kap gen ladan li 2 manm kap soti nan 10 depatman jewografik peyi a ak youn nan dyaspora a kote misyon yo se kontwole Aksyon Gouvènman an.

Jean Elunès rabat pou l di: “Gouvènman Tranzisyon sa a pral gen misyon fè Konferans Nasyonal la e mete lapè nan tout peyi a pou tout moun kapab santi yo ansekirite; fè Pwosè Lajan Petwokaribe a ki vle di mete anba kòd tout nèg ki te patisipe nan gaspiyaj kòb sa a, answit òganize eleksyon lib, onèt ak demokratik .

Jean Elunès ki kontinye ap mande depa chèf leta a, Jovenel Moïse ki se yon nèg dapwè sa yo di ki pa janm kenbe pwomès li, answit ki gen non l site nan plizyè zak koripsyon, voye senpati li bay etidyan yo kap fè grèv grangou depi plizyè senmenn sou konsyans chèf leta a ki fè konmsi l pa wè ni tande.

Saint jean wiskis, TRIBOLAND

Share:

Leave a reply