Ansafolè: Gaz lakoz bon travay baraj lanmè a kanpe nan wout

96
0
Share:
TRiboLAND

Samdi 9 Novanm 2019


Ansafolè__(TRiboLAND) Sa fè bon ti tan depi travay ki te demare nan vil Ansafolè pou bare lanmè depi soti twou Yenyen pou rive anba nan Jaden selon sa yo rapòte Triboland, rive fè yon bon kanpe.

Swit apwè kriz gaz la, paske pa gen kabiran pou alimante yon chajè ak 2 baskil pou travay sa kontinye.

Kot litoral Ansafolè, Nòdwès

Aktivite pou kontrekare degradasyon ekolojik litoral vil la, ki te kòmanse jwenn anpil ochan bò kote popilasyon an, te konstiti yon inisyativ Depite sikonskripsyon Ansafolè a Louis Mari Bonhomme, ki swete travay la kontinye pou satisfè moun sant vil la, paske lanmè sa se yonn nan pi gwo pwoblèm vil la ap fè fas.


Antouka, lanmè a kòmanse ap travèse baraj an wòch yo. Selon divès obsèvatè, gen lòt aksyon ki merite fèt pou arive makònen wòch yo ki kapab repouse awogans vag lanmè yo.

Moun anba lavil pa sispann manifeste enkyetid yo sou “mòde lage” travay yo. Konsa yo mande kilè yap kapab arive sou yo nan yon moman kote ke lanmè a pa sispann bay payèt ak kè sere. Kidonk, yo lanse yon mesaj pwese pwese bay responsab pwojè sa kap trepase poutèt gaz.


Victor Jn Era, TRiboLAND

Share:

Leave a reply