Bolivi: Evo Morales pwan devan Jovenel Moise, li bay demisyon-l

95
0
Share:
TRiboLAND

Dimanch 10 Novanm 2019

Lapaz__(TRiboLAND) Pwezidan Evo Morales mache pòs li kèk èdtan apwè ke li te finn pwomèt nouvo eleksyon an repons de yon seri gwo vag pwotestasyon sou massif fwod pike kole nan eleksyon pwezidansyèl 20 Oktòb 2019 la ki arive re-eli li sou fotèy pwzidansyèl la nan peyi Bolivi.

Vag pwotestasyon yo ki rive nan yon pwen enkontwolab depi plizyè semènn bay gouvènman Morales la anpil lawouli. Twa moun te jwenn lanmò yo e san konte plizyè santènn moun te blese ak zak vyolans ki pat sispan miltipliye; alòske, fòs militè yo te fè tout sa yo kapab pou evite fè konfwontasyon ak pèp Bolivi. Dènye kou pou touye koukou-a, se dènye deklarasyon Chèf Kòmandan lame-a ki mande Morales pou li kraze yon kite sa.

Lame ak popilasyon an ap rejwi demisyon Pwezidan Evo Morales nan peyi Bolivi

Konsa, apwè anpil pwesyon ak fwod ke odit entènasyonal la jwenn sou rezilta eleksyon mèt dam lan, nan yon adrès televize bay nasyon Bolivi, Evo Morales anonse demisyon li pou byen ak mèyè mach peyi-a, yon demand pèp souvren pat sispan klewonnen depwi plizyè semenn pwotestasyon. “Mwen regret anpil,” morales deklare sou television nasyon an.

Moralès ki se pi ansyen lidè sosyalis peyi a, pwomèt ke lap voye nan pwochen èdtan yo lèt demisyon li bay Palman an, pat gen twòp pou-l di nan yon diskou an kèlke mo kit e mete fèt ak rejwisans nan kè tout peyi Bolivi.    

Share:

Leave a reply