Leta Ayisyen rekipere santral elektrik Varreux yo nan men SOGENER

Pòtopwens___(TRiboLAND) Gouvènman ayisyen an deside pwan kontwòl posesyon Santral Elektrik Varreux nan Site Solèy apwè ke avoka ki tap pare kou pou Sosyete Jeneral Enèji S.A. (SOGENER) boude envitasyon konmisè gouvènman Pòtopwens la.
Anba demand Mèt Jacques Lafontant ki se konmisè a i Pòtopwens lan, responsab direksyon depatmantal Lwès Polis Nasyonal Dayiti te jwenn lòd pou akonpanye jij depè kominn Site Solèy la ak plizyè lòt repwezantan leta pou pwosede onon EDH ak rekiperasyon divès santral elektrik Varreux yo, jou ki te 22 Novanb 2019 la nan apwè midi san pwezans responsab SOGENER yo.
Kontwòl posesyon fizik sa arive fèt apwè gwo katchouboumbe ki opoze SOGENER ak Leta Ayisyen depi kèk semènn tansyon ak dispozitif legal.






